Menu
KREYATIVITE LAKAY
  • Discussions
  • Video Archives
  • Photos
  • Photo Archives
  • About us
  • Contact
  • Discussions
  • Video Archives
  • Photos
  • Photo Archives
  • About us
  • Contact

Diskisyon / Discussions

​Ekip la soti nan Kreyativite Lakay pral pote yo moute sijè ki enpòtan nan Kilti nan peyi nou an. Chak mwa, nou pral pote de sijè diskisyon diferan sou paj sa a. Mwa sa a diskisyon an gen ladan yo:

St. Mathurine

The team from the Creativity at Home will bring up relevant topics of Culture in our country. Every month, we will bring two different discussion topics on this page. This month the discussion include:

Powerlifting

Bonswa tout moun pa bliye non pam se Joseph Frantz(Joantz). Jodia ekip kreyativite lakay avek ou nan sit touristik "So Matirine". pa bliye kreyativite lakay se espas ki kreye pou palew de sit nou yo, pou palew de richès peyi nou, atis nou yo e tout sa ki bon nan peyi nou. jodi a nou nan "So Matirine" ki nan dezyèm seksyon kominal kanperen nan sid peyi dayiti. ou menm ki pat ko konnenl, li se yon So(chit dlo) e li c tet dlo ki alimante rivyè kavayon. selon yon abitan nan zone lan ki te pale nou plis de sit la, paske toujou gen anpil moun ki al vizite sit touristik sa ki nan dezyèm seksyon kominal kanperen. Alain Alexis Nord ki yon abitan nan zone e ki fet nan zone lan di nou nan tan lontan se raje ki te kouvri espas sit la avan yo te dekouvril e li fe nou konnen se tèt dlo a ki pase pa Maniche poul rive nan rivyè kavayon an.li fè nou konnen tou ke tout timoun nan zone lan se ladanl yo benyen e aprann naje, li fe nou konnen ke abitan zone lan yo pa konsome dlo a pou yo bwè, yo sèlman aroze jaden avel.poul fini li deklare ke li ta renmen pou leta fe wout pou mennen nan sit la e pou yo fè  aranjman pou menaje sit la. pa bliye se kreyativite lakay ki te pote pou ou sit touristik Somatirine pou fe pleziw. siw bezwen vizite sit la tape www.kreyativitelakay.com pouw ka wè tout sa kap pase nan peyi nou ki se Ayiti. Non pam se Joseph Frantz(Joantz)​
Picture
MP3 Audio File / Podcast - 
Klike sou kask yo nan tande yon vèsyon odyo nan enfòmasyon yo bay la
Powerlifting and bodybuilding an ayiti ki jan nou wè espò sa a?
Yon disiplin espòtif ki jouk jounen jodia nan 2017 pako pratike pa anpil moun tankou lòt disiplin yo, pa gen enfrastiti pou li ,pa gen ankadreman pou sila yo ki  malgre tou kap pratike l la. kreyativite lakay te vizite yon  konkou Powerlifting and bodybuilding ki te òganize nan mwa avril la nan twazyèm vil peyi  pa yon ekip jèn gason kou fi ki te reyini anpil moun ki te vin apresye jèn Atlè sa yo. Nap raple n ke konkou sa se sou dezyèm edisyon l  li ye,li fèt nan de (2) kategori pwa lou e mwayen . aprè konkou sa nan vil okay yo gen pou yo ale nan lakou senmak pou kontinye menm travay la nan sousi pou bay jarèt ak espò sa a poze yo kesyon yo di ta renmen jwen plis ankadreman tankou rann li vin profesyonèl pou ka jwen lajan konsa ap gen plis moun ki vin pratike l e yo te profite invite moun vin pratike l ak yo tou. 
​
Picture
​MP3 Audio File / Podcast - 
Klike sou kask yo nan tande yon vèsyon odyo nan enfòmasyon yo bay la
Powered by Create your own unique website with customizable templates.