Menu
KREYATIVITE LAKAY
  • Discussions
  • Video Archives
  • Photos
  • Photo Archives
  • About us
  • Contact
  • Discussions
  • Video Archives
  • Photos
  • Photo Archives
  • About us
  • Contact

Diskisyon / Discussions

​Ekip la soti nan Kreyativite Lakay pral pote yo moute sijè ki enpòtan nan Kilti nan peyi nou an. Chak mwa, nou pral pote de sijè diskisyon diferan sou paj sa a. Mwa sa a diskisyon an gen ladan yo:
The team from the Creativity at Home will bring up relevant topics of Culture in our country. Every month, we will bring two different discussion topics on this page. This month the discussion include:

Joseph Zenny

Picture
​MP3 Audio File / Podcast - 
Klike sou kask yo nan tande yon vèsyon odyo nan enfòmasyon yo bay la
Joseph Zenny Junior  you atis, Chantè, konpozitè, kreyativite lakay ap prezante  jodia,li gen pou non atis li Ti Joe li fèt 31 me 1977 nan vil Jakmèl Depatman Sidès peyi D’ ayiti.Li te kòmanse chante an 1998 nan you gwoup ki te rele Konpa kreyol, ke li menm tou te fè pati manb fondatè l, avèk li Ti Joe te reyalize twa (3) albòm, tankou « Si w vle m «  an 1999, « Sa’k te gentan gen la « an 2001 e Gen gen geng « 2004 «.An oktò 2001 li te  ranpòte premye pri pou meyè video klip nan sezon sa a.
 kanaval ki se yon nan pi gwo evenman kiltirèl popilè ke peyi a  konnen òganize, la kote dyaz yo ap defile e pwofite fè de gwo lajan nan periyòd sa a ,nan mwa fevriye 2001 konpa kreyol pran plas li pami dyaz mwayen yo nan defile kanaval sa a. Depi lè sa konpa kreyol ap jwe nan kapital kou pwovens . Li se te yon dyaz ki te  toujou ap chame piblik la nan jwe bon konpa avèk bonjan eslogan nan mizik li yo, malerezman nan lane 2005 vin gen  de gwo pwoblèm ki eklate  nan mitan dyaz la, ki aprè tout chita pale ki  fèt pat ka  jwenn yon antant pami yo an fen rive menm kraze Konpa Kreyol. Atis la pat chwazi kanpe an avril 2005 li pran insyativ pou mete  you lot group sou pye  ki pral rele  Kreyol La. Depi lè sa atis la ap travay di an mouvman konpa dirèk nan peyi a,  ckak ane l toujou prezan nan kanaval men pako ka rive nan lis gwo dyaz tankou Sweet Miky ,T Vice, Djakou pou n site sa yo sèlman .Aprè tout esperyans sa yo li lap grandi Kreyol La kòmanse konfime l  tankou gwo, avèk bèl mizik tout timoun ap chante kanaval li yo. Vin rive nan 2015 avèk «  peyi cho pa pou mwen » , 2016 » Vole tankou Sipèmenn »,e an fen nan  2017 avèk » Voye m Anlè » Kreyol  la rive ranpòte viktwa ki se premye pri nan  kanaval  la pou meyè tèks ,meyè animasyon nan defile sou pakou a . Yon tit ke tout dyaz tout chantè ta swete genyen nan lavi mizikal yo .
​
Powered by Create your own unique website with customizable templates.