Diskisyon / Discussions
|
Ekip la soti nan Kreyativite Lakay pral pote yo moute sijè ki enpòtan nan Kilti nan peyi nou an. Chak mwa, nou pral pote de sijè diskisyon diferan sou paj sa a. Mwa sa a diskisyon an gen ladan yo:
|
The team from the Creativity at Home will bring up relevant topics of Culture in our country. Every month, we will bring two different discussion topics on this page. This month the discussion include:
|
Roody Petuel Dauphin - "Roody Roodboy"
Roody Petuel Dauphin - "Roody Roodboy"
Nou salye tout moun ki sou chanèl sa, ki rele kreyativite. yon espas ki la pou kapab fè promosyon atis nou yo, pou mete an valè tout resous ke nou genyen nan peyi dayiti. pa bliye non pam se Joseph Frantz, yon animatè ki la pou pote kreyativite ansanm avèk Edgard louis ki se yon lot animatè. jodia nan espas pou promosyon atis nou yo, nap prezantew yon atis, yon konpositè ki se Roody Petuel Dauphin. li se yon atis ki fèt 27 jen 1988 ki soti nan yon fanmiy ki gen 3 timoun e se Roody ki premye pitit. Roody ki rele tèt li Roody Roodboy e se tonton li ki te montre li jwe gita, depi aprè papa li mouri se jwe gita ki se pasyonl. en 2008 Roody te fè pati 10 finalis nan gwo konkou mizik "digicel stars" e li te fini an 3èm pozisyon nan konkou sa, depi aprè konkou sa Roody te komanse popilè, si nou sonje anpil nan mizik ke li te chante tankom "Malere" yon mizik li te fè pou montre kouraj ak fos yon moun dwe genyen pouw kontinye lite menm si bagay yo pa fasil nan laviw.nou kapab di Roody travay anpil pou li rive fè rèv li vin gran atis. nou pap bliye yon bèl mizik ak tout video li te fè ansanm avèk ansyen fiyanse li 'Rutshelle Guillaume' e mizik sa te rele "Special". Roody Roodboy ki kontinye rèv li e li soti chak ane bèl mereng kanaval. li te komanse avèk bèl mereng sa ki te rele "pliye kow" apre li soti "ti lèzanj" e nan ane 2017 la Roody soti bèl mereng sa ki rele "mpi wo pase" kote se atis la ki te chanpyon pou kanaval ki te fèt nan potoprens lan.Roody Roodboy fè anpil siksè pou ane 2017 la, li gen album li (Fok tèt ou la) ki ap fè chemenl pou ane sa tou. nan album sa nap jwen bèl mizik ki rele "karesem la" ladanl tou. Pa lontan de sa li te soti 2 videyo nan album sa.pa bliye Roody Roodboy se yon bon konpozitè, chantè, rapè. pa bliye nou te pote ribrik sa pou ou poun montrew ki resous ke nou genyen lakay nou an ayiti e pa bliye yo prezante sou sèn entènasyonal la tou. pa bliye non pam se Joseph Frantz mwen tap prezantew atis sa ki rele Roody Petuel Dauphin nan espas sa ki rele kreyativite lakay, pouw ka toujou rete konekte ak sit sa ki se www.kreyativitelakay.com poun ka toujou pote anpil lot bagay pou ou.